Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 28:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 28:11
18 Referans Kwoze  

Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.


Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li.


Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.


Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.


Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.


Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.


Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.


Reponn yon moun ensanse selon foli li merite, pou l pa vin saj nan pwòp zye li.


Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.


Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo e ki sipoze ke yo byen koken yo!


Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre.


Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite