Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 28:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 28:10
28 Referans Kwoze  

Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.


Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.


Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan


Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.


SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.


Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.


Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;


Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.


Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.


Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.


Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.


pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.


Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.


“Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral.


Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite