Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 9:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Jezi reponn yo: — Si nou te avèg, nou pa ta koupab akòz sa. Men paske n'ap plede di: nou wè, nou wè, se poutèt sa peche nou rete sou nou toujou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”

Gade chapit la Kopi




Jan 9:41
9 Referans Kwoze  

Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo e ki sipoze ke yo byen koken yo!


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”


Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,


Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.


Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’


“Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.


Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite