Pwovèb 23:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou. 1998 Haïtienne Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. |
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?” Yo te reponn Li: “Non”.
Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.
Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.