Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 29:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l l'ap gaspiye.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 29:3
14 Referans Kwoze  

Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.


Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.


Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.


Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.


“Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.


Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.


Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.


Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.


Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.


Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.


Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite