Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Yon pitit byen elve fè kè papa l kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:20
14 Referans Kwoze  

Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”


Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.”


Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.


Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.


Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.


Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.


Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.


Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite