Pwovèb 22:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi. 1998 Haïtienne Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. |
Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen.
Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”