Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:10
19 Referans Kwoze  

epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.


Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.


Jiskaske Li leve sila ki enb yo, e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.


Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan,


SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.


Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.


Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. Devni bèje yo tou, e bay yo soutyen jis pou tout tan.


Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo.


Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.


Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”


Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.


SENYÈ a fè pòv ak rich. Li abese e anplis, Li leve.


L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite