Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 21:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 21:21
19 Referans Kwoze  

Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.


Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.


Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.


“Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, k ap chache SENYÈ a: Gade vè wòch sou sila nou te taye a, vè min wòch kote nou te retire a.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.


Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an


Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.


Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.


Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.


Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a; Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.


Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.


Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite