Pwovèb 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo. 1998 Haïtienne Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Senyè a k'ap jije sa ki nan kè yo. |
Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.
Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”