Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 20:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 20:6
16 Referans Kwoze  

Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.


Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.


Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.


Tankou nwaj ak van san lapli, se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.


Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.


Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn fanm pami tout sa yo.


“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.


Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.


Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.


“Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo.


“Farizyen an te kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.


Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”


“Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”


Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”


Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”


Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite