Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; men SENYÈ a peze sa k nan kè l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 16:2
23 Referans Kwoze  

Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.


Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”


Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.


Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?


Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.


Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.


Gen wout ki parèt bon a yon nonm; men fen li se lanmò.


‘TEKEL’—ou te peze sou balans e ou te manke.


Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


“A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a:


“Pa pale kè anflè ankò, pa kite awogans sòti nan bouch ou. Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans, e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.


Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.


Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen.


Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè.


Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite