Pwovèb 20:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt. 1998 Haïtienne Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka regrèt sa pita. |
Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
“Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.
“Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.
Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou.
Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”