Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
Pwovèb 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache; 1998 Haïtienne Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. |
Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.
Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm kon mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.
“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.