3 wi, si ou leve vwa w pou sajès; e leve vwa ou vè bon konprann;
3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.
Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.