Pwovèb 19:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou. 1998 Haïtienne Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou. |
paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.
Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”
Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis.