Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 20:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 20:13
15 Referans Kwoze  

Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.


Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.


Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.


Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.


“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.


Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.


Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.


Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”


Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,


Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.


Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.


Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”


Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite