Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Pwovèb 15:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat. 1998 Haïtienne Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat. |
Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!
Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.
Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.