Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 4:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:26
19 Referans Kwoze  

epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.


Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.


O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!


Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.


Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!


Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.


Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.


Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.


Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.


Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.


Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.


Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.


Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.


Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.


Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.


Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat.


Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.


Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite