Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.
Pwovèb 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri. 1998 Haïtienne Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis. |
Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.
Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele.
Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.