23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape.
23 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
Lalwa Bondye nan kè li. Pa li yo pa janm glise.
Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
Ka p veye chemen lajistis yo, e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; ni sentiwon nan senti li pa lage, menm bretèl sandal li pa janm kase.
Ki te mennen yo atravè fon yo tankou cheval nan dezè a, pou yo pa chape tonbe?