Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 10:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.

Gade chapit la



Pwovèb 10:15
13 Referans Kwoze  

Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.


Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li.


Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.


Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.


Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.


Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!


Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.