Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
Nonb 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati. 1998 Haïtienne Toutotan nyaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pat deplase. Men, leve nyaj la leve, yo leve, yo pati. |
Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.
Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo.
Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an.
Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati.
Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.