Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 39:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 39:42
15 Referans Kwoze  

“‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:


Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.


Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.


Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.


vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.


Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.


Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.


Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.


Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.


Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.


Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite