Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 9:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Konsa, yo moute tant yo sou lòd Senyè a, yo leve yo pati sou lòd Senyè a: Yo te fè tou sa Senyè a te di Moyiz di yo fè.

Gade chapit la Kopi




Nonb 9:23
11 Referans Kwoze  

akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”


Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.


Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.


Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè.


Tankou bèt ki te desann nan vale yo, Lespri SENYÈ a te bay yo repo. Konsa, Ou te mennen pèp Ou a pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.


Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.”


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.


Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li:


Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.


Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati.


Nou pa t abandone frè nou yo pandan tout jou sila yo, jis rive jodi a, men nou te kenbe lòd a kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite