Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 5:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l, l'ap toujou ka fè pitit.

Gade chapit la



Nonb 5:28
8 Referans Kwoze  

Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!


Prèt la va fè fanm sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon.


Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a.


“‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


“Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.