Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 113:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit. Lwanj pou Senyè a!

Gade chapit la Kopi




Sòm 113:9
10 Referans Kwoze  

Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.


Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a.


Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an. Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo, men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.


“Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.


Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.


Paske sa ekri: “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa nan doulè pou fè timoun nan: paske pitit a sila ki aflije a plis an kantite pase sila ki gen mari a.”


Sila ki te gen vant plen yo vin vann tèt yo pou achte pen, men sila ki te grangou vin satisfè. Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite