Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 5:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l, dlo a va desann nan kò l, l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l va sèvi pou bay madichon.

Gade chapit la Kopi




Nonb 5:27
18 Referans Kwoze  

Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman, e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.


Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.


Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.


Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.


Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,


Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’


Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.


Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”


Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,”


Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.


Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.


Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?


Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo.


Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite