Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
Nonb 16:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?” 1998 Haïtienne Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: — Aa non mesye, sa se twòp atò! Tout moun nan kominote a, se pou Senyè a y'ap viv. Senyè a nan mitan nou tout. Atò poukisa, nou menm, Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou konsa anwo pèp Senyè a? |
Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.
Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”
Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.
Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, kote Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’”
“Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.”
“Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte.
“Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.