Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 16:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Senyè a menm wi nou pran pozisyon.

Gade chapit la Kopi




Nonb 16:11
15 Referans Kwoze  

Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”


Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.


yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”


Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.


Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”


“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.


Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.


Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.”


Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.


Yo te vin jalou a Moïse nan kan an, ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite