Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 19:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 19:6
37 Referans Kwoze  

Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte.


Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”


Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.


Juda te vin sanktiyè Li a, Israël, wayòm Li.


Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”


Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.


“Ou va osi fè yon plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: “Sen a SENYÈ a.”


Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.


Men nou va rele kon prèt SENYÈ a; Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an. Nou va manje richès a nasyon yo, e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.


Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”


Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di.


Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’


Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”


Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’


“Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.


Konsa Mwen te di nou: “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.


Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.


Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”


“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”


Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’


yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.


“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.


Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”


“SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.


Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.


Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.


Ou te fè nou vin wa ak prèt yo a Bondye nou an; epi nou va renye sou tè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite