Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 16:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: — Se nou menm ki lakòz moun pèp Senyè a ap mouri konsa.

Gade chapit la Kopi




Nonb 16:41
18 Referans Kwoze  

Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”


Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo. Yo pa t tann konsèy Li,


Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo, men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li, pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”


Men se Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”


Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.


Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!


“Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.


Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.”


Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.


Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.


pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;


Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite