Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 14:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè moun peyi Lejip vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte li bay moun Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Senyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nyaj ou, granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj sou fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife sou fòm yon poto tou.

Gade chapit la Kopi




Nonb 14:14
23 Referans Kwoze  

Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”


Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.


Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.


Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la.


Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.


Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.


Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.


Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”


Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.


Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.


Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”


Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.


Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’


Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.


“Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa.


Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,


Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.


“SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a,


Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.


Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite