Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.
Miche 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari. 1998 Haïtienne Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Senyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye. Y'a meprize yo tankou chen. |
Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.
Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.
“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.
“Nou vin wont akoz nou te tande repwòch. Wont lan fin kouvri figi nou, paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”
Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.
Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan.
Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.
Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.
SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò.
Yo va tankou mesye pwisan yo, k ap foule lènmi yo anba pye yo, nan labou lari a nan batay la. Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.
Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”
“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”