Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 42:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 (11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la?

Gade chapit la Kopi




Sòm 42:10
8 Referans Kwoze  

Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”


Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”


Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”


Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Paske Ou se Bondye fòs mwen an. Poukisa Ou rejte m? Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?


Kè m twouble anndan m. Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.


Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite