Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt.

Gade chapit la Kopi




Miche 4:11
15 Referans Kwoze  

Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.


Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.


Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.


Sepandan, gwo zen a anpil nasyon ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan!


Konsa, fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit.


Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.


akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo?


Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.


Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.


Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite