Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 5:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.

Gade chapit la



Mak 5:42
7 Referans Kwoze  

Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”


Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”


Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”


Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.


Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.


Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.