Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 7:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: — Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

Gade chapit la Kopi




Mak 7:37
16 Referans Kwoze  

Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.


Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.


Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”


Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.


Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.


Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.


Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.”


Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”


Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”


Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.


E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri.


Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.


Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite