Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 5:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:43
15 Referans Kwoze  

Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”


Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.


Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale.


Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”


“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.


Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.


Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men alemontre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”


Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.


Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”


pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.


Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.


Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.


Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite