Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
Mak 4:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”. 1998 Haïtienne Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: — Ann janbe lòt bò lanmè a non. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” |
Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.
Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.
Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?” Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm. Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo.