Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Apre sa, li vire do l ba yo, li tounen nan kannòt la. Li pati pou lòt bò lanmè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a.

Gade chapit la Kopi




Mak 8:13
15 Referans Kwoze  

Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.


“Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’.


Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.


Malgre yo leve pwòp pitit yo, Mwen va prive yo de yo, jiskaske pa gen yon moun ki rete. Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.


Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”


Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.


Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.


Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.


Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”


Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”


Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite