Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 4:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li di yo ankò: — Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.”

Gade chapit la



Mak 4:26
24 Referans Kwoze  

Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.


Sila ke veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.


Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.


A la beni nou va beni, nou menm ki simen akote tout dlo yo, ki lage pye bèf ak bourik la.


Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.


Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.


Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.


Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”


Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”


Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.


Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?


“Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.


“Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.


Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.