Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Li di yo ankò: — Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:26
24 Referans Kwoze  

Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li.


Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.


Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l.


Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”


Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen.


L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan.


Apre sa Jezi di: “Ak kisa Wayòm Bondye a sanble? Ak kisa mwen ta ka konpare li?


Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a.


“Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo.


An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil.


Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite