Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 4:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:27
8 Referans Kwoze  

Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, se konsa ou pa konnen zèv Bondye ki fè tout bagay la.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.


Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite