Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:18
15 Referans Kwoze  

Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.


Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.


Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.


men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,


“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.


Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò.


Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.


Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite