Mak 3:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 1998 Haïtienne Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? |
Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.
Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.