Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li di yo: — Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:11
20 Referans Kwoze  

Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.


“Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.


Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.


Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?


Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.


Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;


Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.


Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.


Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.


li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan,


Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.


Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.


Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite