Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 3:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: — Li gen Bèlzeboul sou li. Yo t'ap di tou: — Se chèf demon yo menm ki ba li pouvwa pou chase demon.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”

Gade chapit la Kopi




Mak 3:22
14 Referans Kwoze  

Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:


Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”


Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”


Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”


Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’


Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”


Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.”


Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem.


Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!


Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.


Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.


Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite