Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?

Gade chapit la Kopi




Mak 3:23
10 Referans Kwoze  

Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.


Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo.


Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”


Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.


Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe.


Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.


Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite