Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 16:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Gade chapit la



Mak 16:7
12 Referans Kwoze  

Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”


Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”


“Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”


“Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”


Konsa, yo tout te kouri kite Li.


Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.


Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.


Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.


Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.


Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.